Bous Alphanet pou Leadership ak Ekselans Akadmik nan Wanament – Mas 2020

Dat: Mas  2020

Piblik: Elèv ki fè bèl mwayèn lekòl pa yo & Elèv ki devlope Leadership Sosyal ou Asosyatif nan Lekòl.
Ki kote: Wanament #37, Ri Boubon.
Pou ankouraje ekselans
akademik ak leadership elèv yo, Alphanet ap ofri 10 bous nan kou li ofri yon an
vil Wanament pou elèv lekòl nan mwa Mas 2020.
Kondisyon pou patisipe:
1.-Fòk elèv
la deja nan yon lekòl ki nan vil kote Alphanet prezan oubyen li deja enskri nan Alphanet.
2.-Fòk elèv
la genyen omwen yon bilten ou kanè lekòl li te bay li.
3.- Fòk
elèv la swa fè bèl mwayèn lekòl swa li gen leadership nan aktivite lekòl li
an oubyen nan legliz li oubyen nan katye li.
4.-Fòk
elèv la prevwa pase omwen 6 mwa nan vil Wanament.

5.-Fòk laj elèv la pa depase 30 lane.

Pyès wap bezwen:
Pou ou
patisipe, ou ap bezwen:

1.-Pote orijinal ak kopi bilten rezilta dènye egzamen ou te gen nan lekòl pa ou.
2.-Pote yon lèt motivasyon kote ou eksplike pou kisa ou ta renmen jwenn oubyen poukisa ou bezwen yon bous Alphanet.
3.-Pote yon lèt rekomandasyon responsab lekòl ou
an, responsab legliz ou, responsab lòt enstitisyon kote ou ap devlope leadership ou.
Resepsyon kandidati yo:
Nap komanse
resevwa kandidati yo nan biwo nou oswa pa email : alphanetinformation@gmail.com nan dat:
Lendi
17  fevriye 2020 a 10h00 am pou rive samdi 21 mas 2020 @5h00pm
Yon elèv
kapab fè aplikasyon anliy tou vial yen sa.
Men lap bezwen eskane bilten ou kanè a pou voye bay nou  ak lèt rekomandasyon responsab lekòl pal li.
Li kapab pase depoze yo tou nan biwo a.
Piblikasyon rezilta yo:
Rezilta yo
ap pibliye nan dat lundi 30 mas 2020 @10h00am
Nap
ankouraje w, envite ti fanmi w ak zanmi ou ki travay byen lekòl pou yo kapab
pwofite de opòtinite sa Alphanet ofri yo.
N.B.-
Etidyan ki seleksyone yo va gen posibilite pou yo jwenn bous pou Kan Leadership
2020 an ki va fèt nan vil Wanament, Cap-Haitien, Jacmel e Dajabon. Byen ke pral
gen yon konkou nan fen ane eskolè a pou mwayèn jeneral ak leadership nan lekòl
pa yo.


N.B.-Nenpòt etidyan Alphanet kapab aplike pou bous nan sa lap aprann lan ou nan nouvo kou.
Klike isit la pou ou kapab depoze kandidati
ou : 

Oubyen ekri nan :